top of page
Photo du rédacteurNéélica Alexis

Kalbas (Crechentia Cujete) Yon plant a divès itilite ki enpotan pou lavi Ayiti

Dernière mise à jour : 12 juin


Crechentia Cujete se non syantifik kalbas ki se yon plant non komestib ki pouse plis nan peyi tropikal yo tankou: meksik, kolonbi... epi Ayiti kote ayisyen yo souvan asosyel ak bagay mistik epi metel sou kote. Akoz move konprann yo sou mistik, pesonn pa ankadre l, prezève l, konnen itilite l ak vrè valèl, malgre yo itilize l anpil nan milye atizanal ayisyen an. Pou anpil moun(relijyon), sèvi nan kwi, manje

nan kwi asosye sèlman ak bagay djab ak vye lwa aloske pratik sila genyen non sèlman

aspè espirityèl men sitou aspè istorik, kiltirèl epi medikal pou efè l sou sante, le yon moun

manje nan kwi li gen plis chans pou li pa fe yon paket vye maladi kap touye moun paske kwi

a absobe tout toksin ki nan manje a tankou vye lwil ak lot bagay anko anplis manje fret pi

rapid, kwi pa genyen pou li we ak bagay djab se yon pwebwa tankou lot yo.


ENPOTANS KALBAS NAN LAVI AYITI, ISTORISITE

Kalbas jwe Yon wòl enpotan nan lavi istorik ak kiltirèl Ayiti.

Kontrèman ak kalbas komestib la yo souvan rele (gourde, courge, lagenaria) ki pouse nan lot peyi, ki soti nan fanmi cucurbitacées yo Kalbas crechentia Cujete an se Yon Plant Moun paka manje ki pouse an Ayiti  depi avan 1492 avèk Arawak Taïnos yo ki te sou zile a. Kote, Taïnos yo te konn itilize kalbas la pou alète yo lè epanyol yo ap vini, epi pran andan l, melanje l ak sann dife Cho, piman ki fè yon efè grenad pou goumen kont espagnol yo, aprè Christophe Colomb te fin pran posesyon. Ayiti epi komanse maltretre Taïnos yo.

Sou tan koloni fransè a, esklav nwa yo te konn fè Kalbas la sèvi konsèv pou konsève vyann,

pwason, dlo pote dlo elatriye...


KONPOZISYON CHIMIK, ASID KI GEN NAN KALBAS

Kalbas la se yon plant ki gen anpil posede chimik ki ka sèvi pou plizyè fonksyon diferan. Li

genyen plizyè konpozisyon chimik ki daprè dozaj yo kapab sèvi kòm medikaman, antidòt

oubyn pwazon. Tankou:

  1. Alkaloyid ki kapab itil pou pwoblem kadyo-vaskilè oubyn pwazon daprè dozaj li.

  2. Fenol ki kapab pwoteje Kò a, monte sistèm iminitè, ranfosè sistèm defans kò moun.

  3. Asid klowojenik

  4. Asid enolik.

  5. Asid siyanidrik ki se Yon antidot si dozaj la pa depase 0,5 a 3,5 miligram pa gram Kò moun nan. Ki se yon pwazon Pwazon vyolan ki koze asfiksi (mouri toufe) si dozaj la depase.

  6. Bwa, kòs, tèt, chak pati nan plant Sila a gen yon itilite diferan enpotan.

Fèy kalbas la itil pou, ak kont diare, pou enfeksyon entestinal, enflamasyon, pwoblem pyè nan ren, ensifizans rénal, pwoblem estoma.

Grenn kalbas la (pepen) kapab fè lwil komestib ki gen anpil vitamin,anviwon 38.5%

pwoteyin, yo itilize l pepen an tou pou fè enèji drink.

SÈVI AK KWI AK KALBAS: YON PRATIK KILTIRÈL RICH KI SENBOLIZE FYÈTE

Itilize Kalbas se yon pratik kiltirèl ki prezan anpil nan milye atizanal ayisyen an. Kapasite rich

kalbas la genyen poul tranfòme an divès eleman sèvitid pemèt atizan yo kreye anpil

akseswa kreyòl nan plizyè domèn.

Yo itilize kalbas la pou fè enstriman pou mizik tankou koral, gooni, ason (ochè).

Pou fè bijou: kolye, zanno, goumèt, bag.

Pou istansil kizin: bòl, asyèt, louch, kiyè, po kwi. Epi pou dekorasyon.

Sou plan kiltirèl, manje nan kwi senbolize konbit, fyète nasyonal, enèji(fòs), lanmou, lanmou

pou peyi n, lanmou pou zansèt nou, rasin nou, pataj, tèt ansanm.


KALBAS: YON PLANT MIRAK KI CHAJE ENÈJI ESPIRITYÈL

Nan chak pye Kalbas chaje enèji sitou espirityèl pou ekilibre kò yo, konekte ayisyen ak kilti

yo, lanati, en sitou ak zansèt yo rasin yo. Nan pratik vodou a, yon pye kalbas nan yon

lakou oubyn yon bitasyon, yon demanbre, gen yon paket enèji lwa ki jouke tankou: manman

zanfan, marasa, legba, ak, tout sekans bosou yo ki souvan pran pye kalbas pou repozwa yo.


Lwa Sila yo se gad fidèl,pwotektè, defansè ki toujou asire pwoteksyon fanmi lakou sa a.

Nan Vodou a, manje nan kwi vle di lanmou, pataj, tèt ansanm konbit, onore enèji Zaka ki se

lwa ki senbolize sitou travay lagrikilti.

Voudouyizan yo itilize kwi ak kalbas pou plizyè pratik, plizyè seremoni diferan. Pou monte

plizyè tip lanp, pou plizyè trètman mistik tankou pwoblem anvoutman, poud ak divès lot. Pye

kalbas, kalbas, kwi senbolize enèji espirityèl pou adrese, kominike epi rete konekte ak lwa

ak rasin nou.


ITILIZE KALBAS POU RELANSE EKONOMI AYISYÈN NAN

Daprè divès itilizasyon kalbas kapab genyen; plante, kiltive, valorize, komèsyalize kalbas an

kantite kapab jwe yon gwo wòl nan relansman ekonomi Ayiti. Menm jan ak anpil lot pye bwa

ki gen itilite rich lanati ofri. Pa rapò ak divès pwosesis transfomasyon kalbas la kapab sibi, li

itil nan plizyè domèn diferan tankou:

Domèn Medikal

pou fè medikaman.

Domèn chimik

Pou fè konpoze pou swen ak pou defann sekirite teritwa nasyonal la.

Domèn mizik

Pou fè enstriman mizik tankou tchatcha, koral, gooni, ason(ochè).

Domèn atizanal

Pou fè bijou tankou zann, kolye, goumèt…, pou fè dekorasyon, istansil kizin tankou bòl,

kiyè, louch, po, asyèt elatriye...


POU FINI

Kalbas se yon plant tout ayisyen dwe konnen epi valorize. Pou itilitel ak enpotans li nan lavi

istorik, kiltirèl, ekonomik, espirityèl peyi dAyiti, pou itilite medikal li kapab genyen, kalbas se

yon plant tout ayisyen nèt dwe plante, kiltive an abondans pou kapab ogmante resous nou,

fyète nou antan ke nasyon. Plante pou Ayiti pi bèl, pi vèt, pi frèch ak pi rich dwe tach

obligatwa nou.


NB :POU NOU KONNEN PLIS SOU KALABS GADE VIDEO SA




78 vues0 commentaire

Posts récents

Voir tout

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page