Lang kreyòl la, yo souvan pa konnen e pafwa souzèstime, an reyalite yon bijou lengwistik ak kiltirèl ki merite tout atansyon ak admirasyon ki egziste. Sòti (kreye) Nan rankont ant divès lang nan listwa, kreyòl la pi plis pase yon senp mwayen kominikasyon; Li se yon senbòl detèminasyon, divèsite ak richès kiltirèl.
YON ORIJIN ISTORIK MELANJE EPI INIK
Kreyòl la se Yon Lang ki kreye, Nan kontèks kolonyal yo, prensipalman Nan Karayib la, Oseyan Endyen an, ak pati nan Lafrik ak Amerik la. Li jwenn rasin li yo nan lang Ewopeyen kolonizatè yo (tankou franse, anglè, Pòtigè ak Panyòl) melanje ak lang esklav Afriken yo, ki te nan koloni an pa mwayen komès triyangilè a . Fizyon lengwistik sa a, se reflè yon istwa dechennen, ki make pa echanj fòse, men sitou pa kapasite enkwayab pèp konsène ki te nan koloni an te genyen poul adapte l epi kreye.
KREYÒL: YON LANG VIVAN KAP EVOLYE AK YON DIVÈSITE ANRICHISMAN
Kreyòl se yon lang vivan, ki toujou ap evolye. Kontrèman ak kèk pèsepsyon, se pa yon patwa(mòd pale lokal Yon popilasyon ki pa anpil) ki rete bloke nan tan pase, men se pito yon lang dinamik ki adapte l ak bezwen moun ki pale li yo.
Se pa yon lang ki pale selman an Ayiti men atravè mond lan, kote chak peyi palel yon fason daprè espesifikasyon pa yo.
Chak tip kreyòl sa yo toujou itilize nan lavi chak jou, nan medya, mizik, literati e menm nan edikasyon peyi Sila a pandan yap temwaye vitalite yo ak pètinans kontanporen yo.
Chak kreyòl inik, men tou pataje yon estrikti gramatikal senplifye konpare ak lang sous yo, pandan yo toujou kenbe yon richès leksikal ak fonetik ki enpresyone moun. Pa egzanp: kreyòl Reyinyonè yo se yon melanj fransè, malgach ak lòt enfliyans aziyatik, alòs kreyòl ayisyen an gen tandans baze l prensipalman sou lang fransè a. Poutan malgre anpil lot peyi pale lòt tip kreyòl yo, sa pa anpeche kreyòl ayisyen an se youn nan kreyòl ki plis pale.
YON ELEMAN NAN IDANTITE AK FYÈTE/YON MWAYEN EKSPRESYON KILTIRÈL
Pou anpil moun, pale kreyòl se yon gwo zak idantitè. Se yon fason pou moun ki pale l revandike, reprann rasin yo, konekte ak zansèt yo epi transmèt yon eritaj presye bay jenerasyon kap vini yo. Kreyòl se yon lang kè, yon lang fanmi ak kominote, ki ini moun atravè fwontyè jeyografik ak sosyal yo.Lang kreyòl la se yon vektè pwisan nan kilti lokal la. Kit se nan mizik (Zouk, Reggae, Sega), kit se nan literati (ak otè tankou Patrick Chamoiseau oswa Dany Laferrière) oswa nan tradisyon oral, kreyòl la pote nan li nanm pèp ki pale l yo. Kont, pwovèb ak chante an kreyòl se trezò kiltirèl ki rakonte istwa lit, rezistans, lanmou, fòs, fyète, lajwa, gete ak anpil lòt.
REKONESANS AK VALORIZASYON KREYÒL
Rekonesans ofisyèl lang kreyòl la ap pwogrese. Plizyè tip kreyòl yo anseye nan lekòl, itilize nan administrasyon anpil lòt peyi. Plizyè lòt peyi rekonèt kreyòl la kòm lang nasyonal oswa ko-ofisyèl yo. Amelyorasyon ak valorizasyon enstitisyonèl sila a esansyèl pou konsève ak ankouraje kreyòl la, epi pou asire li toujou kontinye byen mache .
Konklizyon
Lang kreyòl la se yon veritab richès ki merite yo dwe selebre, valorize ak konsève. Li se temwayaj vivan yon istwa konplèks, yon divèsite kiltirèl enkwayab ak kapasite enòm lòm genyen pou kreye sak bon sak bèl pandan yo nan konfli, panik epi advèsite. Valorize ak respekte kreyòl, pa sèlman onore yon lang, men tou, onore pèp ak kilti ki fasone l yo. Kreyòl se yon trezò, yon lang nou dwe pran swen, renmen epi transmèt, pou toujou kenbe vivan bèl eritaj inik sa a.
Néélica ALEXIS
Kommentare